Dechouke Fredi (Boutèy pou fredi)
Dechouke Fredi – Fòs Natirèl pou Sante w
Dechouke Fredi se yon melanj tradisyonèl natirèl ki fèt pou ede w ranfòse sante w chak jou. Fòmile ak plant medsin ki gen bon repitasyon nan medsin tradisyonèl ayisyen, li se yon solisyon altènatif pou moun kap chèche soulajman ak prevansyon.
Benefis li ka ofri w:
-
Antiinflamatwa – Ede soulaje doulè ak enflamasyon natirèlman.
-
Antibakteri – Pwopriyete li yo ka sipòte sistèm defans kò w kont enfeksyon.
-
Ranfòsman iminitè – Mete kò w an pozisyon pou konbat maladi pi byen.
-
Detoksifikasyon – Sipòte netwayaj entèn ak ekspilsyon toksin.
-
Amelyore dijesyon – Ede kont gonfleman, gaz, ak lòt malèz dijestif.
-
Efè relaxan – Bay lespri w kalm epi redui estrès chak jou.
-
Antioxidan – Konbat domaj selilè ak efè radikal lib.
Engredyan prensipal:
-
Lyann Kayiman
-
Jenjanm Anmè
-
Kòs & Fèy Ekaliptis
-
Kòs Bwadòm
-
Lanni
-
Rasin Vetivè
-
Kadav Gate
-
Bwa Kochon
-
Siv
-
Lyann Kolik
Prezantasyon:
Dechouke Fredi vini nan yon boutèy anbre kristal 3.78 lit, ki pa sèlman bèl pou je, men ki ede pwoteje eleman aktif yo kont limyè ak bakteri. Li kenbe tanperati a pi stab e li pi dirab pase vè nòmal.
Enstriksyon avan ou sèvi:
-
Ajoute yon bon kantite diven wouj.
-
Mete 3 gwo kiyè siwo myèl.
-
Fèmen boutèy la byen epi kite l repoze pou 12 a 15 jou avan ou kòmanse konsome li.
⚠️ Remak enpòtan:
Mwen pa yon doktè. Mwen la pou m pataje konesans natirèl ak edikasyonèl pou ede w amelyore sante w natirèlman.
Fè chwa ki bon pou ou, natirèlman.
🌿 Sante ou se pi gwo richès ou – nouri li ak sajès natirèl.