BWA KOCHON
BWA KOCHON Bwa kochon se yon plant ki souvan itilize nan medsin tradisyonèl pou benefis li bay sou endirans seksyèl. Li se youn nan engredyan prensipal nan preparasyon natirèl yo rele “tranpe bwa kochon”, kote yo mete l tranpe nan kleren oswa lòt likid pou maksimize benefis li yo.
ANIKÒN ( Grenn)
ANIKÒN (Grenn) Anikòn se youn nan plant medsin ki pi inik e presye nan fòm natirèl li. Li renome pou pwopriyete antipwazon li yo, sa ki fè li vin tounen yon remèd natirèl ki pa fasil pou jwenn. Malgre anpil moun konnen fwi a, pyebwa a li menm se yon mistè pou anpil lòt, paske li ra e difisil pou lokalize.
FÈY ZANMORÈT
Zanmòrèt se yon plant ki bon pou anpil maladi. Gen fi ki bwè te fèy sila a lè yo gen kis ak fibwòm. Anpil lòt moun itilize zanmòrèt pou trete divès maladi kap devlope anndan yo.