FÈY PWA KONGO
Fèy Pwa Kongo Fèy pwa kongo se yon remèd natirèl ke fanm itilize depi plisyè jenerasyon pou swen entim. Li souvan itilize pou fè twalèt entim epi li rekonèt pou kapasite li genyen pou ede netwaye ak sere zòn vajinal la. Anplis benefis li yo sou ijyèn pèsonèl, li ka bay soulajman kont kèk enfeksyon.
FÈY MASKRETI
Fèy Maskreti Maskreti se youn nan plant medsin tradisyonèl ki gen anpil valè nan swen natirèl. Li bon pou soulaje enfeksyon ak fredi. Lè ou fin akouche ou ka bwè te fèy maskreti ak itilizel pou fè twalèt deba ou, li ede boubounn ou vinn pi sere.
FÈY KOWOSÒL
Kowosòl – Fwi ki pote byennèt natirèl Kowosòl, ke anpil moun konnen pou bon gou li, se tou yon fwi ki chaje ak benefis potansyèl pou sante. Youn nan pi gwo prevansyon kont tout kalite kansè. Li souvan prezante kòm yon soutyen natirèl kont plizyè fòm maladi. Tradisyonèlman, yo itilize li tou pou ede ak dòmi, kalme sistèm nève a, epi jere estrès mantal.
FÈY LALO
Fèy Lalo Fèy Lalo se yon plant tradisyonèlman itilize nan kwizin ayisyèn, espesyalman nan preparasyon legim fèy. Li se eleman prensipal nan yon plat nourisan, rich an fib, vitamin ak mineral, ki souvan akonpaye diri blan oswa viv (manyòk, patat, bannann, elatriye).
FÈY KACHIMAN
Fèy Kachiman (yo rele li tou: Ponm Kannèl) Fèy Kachiman se yon remèd tradisyonèl ki itilize depi lontan pou ede nan divès maladi ak pwoblèm sante.
FÈY EKALIPTIS
Fèy Ekaliptis – Sante Respiratwa ak Byennèt Natirèl Fèy Ekaliptis se yon remèd natirèl ki itilize depi lontan nan tretman tradisyonèl pou anpil pwoblèm sante. Li ka yon bon alye pou respirasyon, detant, ak sipò jeneral kò a.
FÈY CHIKCHIK
Chikchik – Fèy remèd natirèl pou enfeksyon ak rekiperasyon fanm Chikchik se yon plant tradisyonèl ki itilize pou soutni sante — espesyalman nan ka enfeksyon ak pou fanm ki fenk akouche.
FÈY BOULDIMAS
FÈY AMWAZ
Amwaz — Fèy Natirèl Pou Sante W Amwaz se yon plant ki gen anpil istwa nan medsin tradisyonèl depi plizyè syèk. Li gen plizyè itilizasyon potansyèl ki ka sipòte byennèt ou nan fason natirèl.
Djondjon
Djondjon se yon kalite champi nwa ki soti Ayiti e ki trè popilè nan kwizin ayisyen an, espesyalman pou prepare diri djondjon — yon plat ikon tradisyonèl.
FÈY SIMEN KONTRA
Byenfè Fèy Simen Kontra Simen Kontra se youn nan remèd natirèl ki pi itilize nan medsin tradisyonèl pou netwaye kò a ak trete plizyè maladi entèn ak ekstèn.
FÈY TWONPÈT
FÈY TWONPÈT se youn nan remèd natirèl fanm ayisyèn plis itilize pou swen entim ak balans kò yo.
FÈY GWAYAV
FÈY TIBONM
🫖 Kijan pou itilize li Te: Bouyi kèk fèy tibonm nan dlo pandan 5–10 minit, kite l refwadi yon ti kras, epi bwè li cho. Inhalasyon (respire vapè): Mete fèy tibonm nan dlo bouyi, kouvri tèt ou ak yon sèvyèt, epi respire vapè a pou soulaje nen bouche. Pou po: Lave po a ak dlo tibonm pou bay frechè oswa kalme iritasyon.
FÈY ASOSI
Kijan pou itilize li Te: Bouyi kèk fèy asosi nan dlo pandan 5–10 minit, kite l refwadi, epi bwè li cho oswa frèt. Pou po: Ka itilize dlo a pou lave blesi oswa po ki gen iritasyon. Pou netwayaj kò: Bwè yon ti tas chak maten pandan kèk jou pou ede netwaye kò a.
FÈY ZANMORÈT
Zanmòrèt se yon plant ki bon pou anpil maladi. Gen fi ki bwè te fèy sila a lè yo gen kis ak fibwòm. Anpil lòt moun itilize zanmòrèt pou trete divès maladi kap devlope anndan yo.