FÈY SIMEN KONTRA
🌿 Byenfè Fèy Simen Kontra
Simen Kontra se youn nan remèd natirèl ki pi itilize nan medsin tradisyonèl pou netwaye kò a ak trete plizyè maladi entèn ak ekstèn.
🧘🏾♀️ 1. Bon pou vè ak lestomak
-
Li ede detwi vè nan vant ak netwaye trip yo.
-
Soulaje kostipasyon, noze, gaz, ak gastrit.
-
Ede nan bon fonksyònman sistèm dijestif la.
❤️ 2. Bon pou fwa ak sante jeneral
-
Netwaye fwa a epi ede l travay pi byen.
-
Konbat enflamasyon nan kò a.
-
Bon pou tansyon, sik, ak anemi, paske li ede regle san an.
🌸 3. Bon pou fanm
-
Li se yon stimilan pou matris: ede fè règ vini ak kalme doulè règ.
-
Redwi enfeksyon nan matris ak nan poumon.
⚠️ Fi ansent pa dwe pran li, paske li ka pwovoke avòtman.
💨 4. Bon pou tous ak poumon
-
Li ede trete tous, refwadi, ak konjesyon nan pwatrin.
🌿 5. Bon pou po
-
Li trete chanpiyon, enfeksyon po, ak ede retire pis.
-
Si ou boule, mete fèy simen kontra sou blese a pou:
-
evite enfeksyon
-
akselere geri po a
-
🍵 6. Bon pou emoroyid
-
Fè te simen kontra oswa benyye zòn nan ak dlo bouyi fèy la pou soulaje doulè ak enflamasyon.
⚠️ Avètisman
-
Pa itilize fèy Simen Kontra pandan plis pase 7 a 8 jou youn dèyè lòt.
-
Fi ansent pa dwe itilize li.
-
Toujou pran yon ti poz avan ou rekòmanse tretman an.